Tès Teller oswa tès Gade Preferansyèl
Pou mezire vizyon timoun ki gen ant 3 mwa ak 3 an, oswa timoun ki pa ka kolabore.
Enpòtan- Si timoun nan pote linèt, li dwe pote yo pou egzamen an.
- Si li sèvi ak yon patch pou kouvri je a, pa sispann tretman an epi kontinye l dapre sa doktè k ap trete l la endike.
Etid sansori-motè oswa etid estrabis
Se yon seri evalyasyon, esè ak tès ki analize vizyon ak vizyon an twa dimansyon, epi ki mezire devyasyon an ak pris.
Enpòtan- Si ou mete linèt, vini ak yo pou egzamen an.
- Si ou sèvi ak yon patch pou kouvri je a, pa sispann tretman an epi kontinye l dapre sa doktè k ap trete w la endike.
Diploskopi: etid diplopi oswa vizyon doub
Egzamen ki evalye vizyon doub, pandan l ap mezire ang devyasyon je a ki lakòz li, lè moun nan gade nan diferan direksyon. Li pèmèt tou swiv epi analize evolisyon chak ka.
Enpòtan- Si ou mete linèt, vini ak yo.
Tretman ortoptik
Se yon seri egzèsis ak aktivite yo fè pou ranfòse epi amelyore kontwòl mouvman je yo ak difikilte nan lekti ak ekriti. Kantite seyans yo detèmine dapre kondisyon ak bezwen sipò chak timoun.
Enpòtan- Si ou mete linèt oswa patch pou kouvri je a, pa sispann sèvi ak yo epi vin nan seyans lan avè l oswa avè yo.
Koub presyon nan je
Tès yo itilize pou mezire presyon anndan je (PIO) a diferan lè nan jounen an, omwen twa mezi.
Enpòtan- Si ou pote lantiy kontak, ou dwe retire yo anvan chak mezi.
- Swiv endikasyon doktè k ap trete w la sou tretman ou pou fè egzamen sa a.
Tonometri nan maten lakay
Yo mezire presyon anndan je a lakay pasyan an, touswit apre moun nan fin reveye, san l pa leve sou kabann nan.
Enpòtan- Fè aranjman ak yon moun ki ka louvri pòt kay ou a, pou ou pa leve.
- Pa chita sou kabann nan, ni pa leve, jiskaske yo fin fè egzamen an.
- Si ou pote lantiy kontak epi ou dòmi avè yo, ou dwe retire yo aswè anvan egzamen an.
- Si w ap sèvi ak yon tretman gout, ou pa dwe sispann sèvi avè l.
Chan vizyèl manyèl oswa Goldmann
Egzamen pou mezire chan vizyèl la.
Enpòtan- Si ou mete linèt pou wè de pre, vini ak yo.